Ech@nj se yon KEVE


Kisa ki yon KEVE ?

Nom sa'a ou tamet chèche li sou entènèt e ou pap jwenn li paske se yon nouvo konsèp ki vle di yon kominote ekonomi vityèl enklizif. Kominote ech@nj se premye kominote online ki itilize modèl sa'a.

Koute audio sa'a 👆🏾👆🏾 pou pi byen konprann konsèp la, epi li atik aprè an pou apwofondisman.

Kijan yon KEVE fonksyone?

Yon KEVE se yon òganizasyon fèmen ki regwoupe plizyè moun ak gwoup sou entènèt, koté yon pati moun mété tèt ansanm pou kreye kontni ak sèvis ke lòt moun yo ap konsome. Sa ki diferan nan yon KEVE se ke gen yon sistèm pwen ki sèvi kouwè yon lajan entèn e ki itilize pou peye pou seten sèvis andedan KEVE an. Plis ou gen pwen nan men'w, plis ou gen avantaj ak sèvis. Donk plis ou travay ak kontribye nan devlopman yon KEVE, plis ou gen aksè ak richès ki pataje andedan KEVE an.

Yon KEVE se yon kominote, kidonk yon ansanm moun ki reyini pou de avantaj ak enterè ke yo pataje antre yo e ki aksepte obeyi regleman òganizasyon an, tankou moun obeyi la lwa ak prensip ki pèmèt fonksyònman sosyete yon peyi e pèmèt moun viv youn ak lòt nan amoni. 

Pou ou patisipe nan yon KEVE fòk ou manm KEVE an. Selon kategori manm ke ou ladan an ou ka jwenn de avantaj ak sèvis gratis, oswa ou dwe peye ak pwen pou jwenn sèten lòt. Pou sèten sèvis nan yon KEVE ou dwe peye ak lajan, men ou ka jwenn koupon rabè ak pwen ke ou genyen yo. Ka gen diferan plan manm ki bayy dwa ak sèten avantaj ak sèvis spesyal an plis . Chak plan sa yo ka egzije manm yo peye yon kotizasyon mansyèl oswa chak ane.

Manm òganizasyon yo ki travay pou fè yon KEVE fonksyone gen posibilite pou konvèti pwen yo an lajan oswa sèvi ak yo tankou pa sosyal KEVE an pou yo ka jwenn dwa pou vote andedan kominote an ak pataje benefis kominote an.

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Ech@nj est une CEVI

Avec ech@nj : Votre temps ! Votre choix !

Le Pouvoir des Points et de la Gamification : Réussir les Objectifs d'une Organisation sans Trop Dépenser !